6 Alò 5:6 Sòm 145:20men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: "Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an." 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: "Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?"
Yo te reponn: "Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath." Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. 9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton 5:9 Jen 46:8-27 yo te vin pete sou yo. 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: "Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an." 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: "Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an." Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. 5:11 I Sam 5:6-9Men SENYÈ a te lou kote sa a.