10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. 11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. 12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan 6:12 Nonb 20:19gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. 13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. 14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te 6:14 II Sam 24:22ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. 15 6:15 Jos 3:3Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a.
Publicidade