1 Alò, 5:1 Luc 4:27Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp. 2 Alò, Siryen yo te sòti 5:2 II Wa 6:23pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an. 3 Li te pale konsa a mètrès li a: "Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la."
4 Naaman te antre kote mèt li a e te di: "Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale."
5 Alò, wa Syrie a te di: "Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la."
Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis 5:5 Jij 14:12echanj vètman konplè. 6 Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: "Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a."
7 Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: 5:7 Jen 30:2"Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m."
8 Li te rive ke lè Élisée, 5:8 I Wa 12:22nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: "Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël."
9 Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée. 10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: 5:10 Jn 9:7"Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp."
11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: "Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la. 12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?" Konsa, li te vire 5:12 Pwov 14:17sòti byen anraje.
13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: 5:13 II Wa 2:12"Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’"
14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi 5:14 II Wa 5:10chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.