15 Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: "Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?"
16 Konsa, li te reponn: 6:16 Egz 14:13"Pa pè, paske 6:16 Wo 8:31sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a." 17 Epi Élisée te priye e te di: "O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè." Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk 6:17 Sòm 68:17cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.