Publicidade

Cânticos 2

Jenn Fi An

1 Mwen se flè Woz Saron an,

flè Lis a vale yo.

Salomon

2 Tankou yon flè lis pami pikan yo,

se konsa 2:2 Kan 1:9cheri mwen an ye

pami tout jenn fi yo.

Jenn Fi an

3 Tankou yon 2:3 Kan 8:5pye pòm pami bwa nan forè,

se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.

Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;

konsa fwi li te dous nan gou m.

4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li,

e 2:4 Sòm 20:5 drapo li monte sou mwen an se lanmou.

5 Ban m fòs ak 2:5 II Sam 6:19 gato rezen,

rafrechi m ak pòm,

akoz mwen malad ak lanmou.

6 Kite men goch li rete anba tèt mwen

ak men dwat li pou l 2:6 Pwov 4:8anbrase m.

7 M ap 2:7 Kan 3:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

nan non antilòp ak bich mawon an,

pou nou pa lanmou m leve,

ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.

8 Koute! Men cheri mwen an!

Men l ap vini!

L ap monte 2:8 Kan 2:17sou mòn yo,

epi vòltije sou kolin yo!

9 Cheri mwen an tankou yon 2:9 Pwov 6:5antilòp,

oswa yon jenn sèf.

Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;

l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.

10 Cheri mwen an te reponn mwen

e te di m: 2:10 Kan 2:13"Leve vini cheri mwen an,

pi bèl mwen an.

11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,

lapli fin pati nèt.

12 Flè yo deja parèt nan peyi a;

tan an chante a fin rive!

Vwa 2:12 Jen 15:9toutrèl la ap koute deja nan peyi a.

13 Fwi 2:13 Mat 24:32pye fig etranje a fin mi,

e chan rezen yo bay odè pafen.

Leve vini, annou pati!"

Salomon

14 O toutrèl nan 2:14 Jr 48:28fant wòch mwen an,

nan kote sekrè chemen ki monte apik,

kite mwen figi ou, kite mwen tande vwa ou!

Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.

15 2:15 Éz 13:4 Kenbe rena yo pou nou,

ti rena k ap detwi chan rezen yo,

paske chan nou yo ap flè.

Jenn Fi an

16 Cheri mwen an se pa m,

e mwen se pa l.

Li patiraj twoupo li pami flè lis yo.

17 2:17 Kan 4:6 Jiskaske joune a vin fre

lonbraj yo kouri ale;

vire, cheri mwen an,

tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-