Publicidade

Oséias 2

1 "Di a frè ou a Pèp mwen yo!

Epi a ou yo, Byen ame mwen an!

2 Rebike manman ou!

Rebike, paske li pa madanm mwen;

ni mwen pa mari li.

Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li,

ak adiltè li yo soti antre tete li yo;

3 sinon M ta chire retire tout rad li pou l parèt

toutouni menm jan ak 2:3 Éz 16:4jou li te fèt la;

pou 2:3 És 32:13,14 l vin tankou yon peyi dezè

e touye li ak swaf.

4 Anplis, Mwen p ap mizerikòd sou pitit li yo,

akoz yo se 2:4 Jr 13:14 pitit a pwostitiye.

5 Paske manman yo te pwostitisyon.

Li ki te yo aji san wont, paske li te di:

Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,

ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen,

lwil ak bwason mwen.

6 Akoz sa, Mwen va monte yon kloti pikan,

e Mwen va bati yon mi kont li

pou l pa ka twouve ti wout li yo.

7 Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo,

men li p ap ka rive sou yo.

Li va chache yo, men li p ap jwenn yo.

Konsa li va di: M ap prale retounen

kote premye mari Mwen an,

paske sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.

8 Paske li 2:8 És 1:3 pa t konnen ke se te 2:8 Éz 16:19Mwen

ki te bay li sereyal la,

diven nèf ak lwil la,

e ki te bay li anpil ak ajan

ke yo te sèvi pou Baal yo.

9 Akoz sa, Mwen va 2:9 Os 8:7reprann

sereyal Mwen an nan rekòlt la

ak diven Mwen an nan sezon li an.

Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an

ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.

10 Konsa, Mwen va 2:10 Éz 16:37dekouvri wont li devan zye

a tout moun ki renmen li yo,

e pèsòn p ap mande l soti nan men Mwen.

11 Anplis, Mwen va 2:11 Jr 7:34 mete fen a tout kontan l;

2:11 Os 3:4 fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a,

ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.

12 Mwen va detwi pye rezen li yo

ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di:

Sa yo se salè mwen,

ke moun ki renmen m yo te ban mwen.

Mwen va 2:12 És 5:5yo tounen yon rakbwa,

e bèt chan va devore yo.

13 Mwen va pini li pou jou Baal yo,

kote li te brile lasan nan,

l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo,

pou l swiv moun ki renmen li yo,

epi te2:13 Os 4:6 bliye Mwen" deklare SENYÈ a.

14 Pou sa, gade byen,

Mwen va atire li 2:14 Éz 20:33-38 mennen li

antre nan dezè a pou pale dous avèk li.

15 Epi soti la, Mwen va bay li 2:15 Jos 7:26chan rezen yo,

ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.

Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,

tankou nan jou l te vin monte

soti nan peyi Égypte la.

16 Li va vin rive nan jou sa a",

deklare SENYÈ a,

"ke ou va rele Mwen: 2:16 És 54:5 Mari mwen

e ou p ap rele M ankò: Met mwen.

17 Paske 2:17 Egz 23:13Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li,

pou yo pa nonmen pa non yo ankò.

18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va yon Akò

pou yo ak 2:18 Job 5:23 bèt chan yo,

zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.

Mwen va 2:18 És 2:4aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,

e Mwen va yo kouche dòmi ansekirite.

19 Mwen va ou vin renmen M jis pou tout tan.

Wi, Mwen va ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,

nan lanmou dous ak konpasyon.2:19 És 1:27

20 Epi Mwen va ou renmen M nan fidelite.

Nan sa a, ou va konnen SENYÈ a.2:20 Jr 31:33,34

21 "Li va vin rive nan jou sa a ke 2:21 És 55:10 Mwen va reponn",

deklare SENYÈ a.

"Mwen va reponn a syèl yo,

e yo va reponn a a.

22 Epi 2:22 Jr 31:12Latè va reponn a sereyal la,

diven nèf ak lwil la;

epi yo va reponn a Jizreel.

23 Mwen va simen li kote M nan a,

Mwen va genyen mizerikòd pou li,

fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la.

Konsa, 2:23 Wo 9:25Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an:

Ou se pèp Mwen an!

Epi yo va reponn: Ou se Bondye mwen!"

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-