Pular para o conteúdo
Publicidade

Osée 3

1 Alò, SENYÈ a te di mwen: "Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan 3:1 Jr 3:20 ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo."

2 Konsa, mwen te 3:2 Rt 4:10 achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. 3 Mwen te di li: "Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm." 3:3 Det 21:13

Veja também