Publicidade

Provérbios 21

1 a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;

Li 21:1 Esd 6:22vire l kote Li vle.

2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;

men SENYÈ a 21:2 Pwov 16:2peze yo.

3 SENYÈ a pito 21:3 I Sam 15:22ladwati ak lajistis

plis pase sakrifis.

4 Zye ki leve wo ak ki plen ògèy;

21:4 Pwov 24:20 lanp a mechan yo se peche.

5 Plan a 21:5 Pwov 10:4dilijan an mennen byen si, avantaj;

men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.

6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti

se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

7 Vyolans a mechan yo va trennen yo yo pati,

akoz yo 21:7 Am 5:7refize aji ak jistis.

8 Chemen a yon moun koupab 21:8 Pwov 2:15kwochi;

men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.

9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a

pase nan yon kay ak yon fanm k ap kont tout tan.

10 Nanm a mechan an vle mal;

vwazen li an pa twouve gras nan zye l.

11 21:11 Pwov 19:25mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;

men moun saj la enstwi, li resevwa konesans.

12 sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,

21:12 Pwov 14:11 afè mechan an vin detwi nèt.

13 Sila ki 21:13 Mat 18:30-34fèmen zòrèy li a kri aflije a,

va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn 21:13 Jc 2:13 repons.

14 Yon 21:14 Pwov 18:16kado vèse an sekrè kalme fachez,

e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.

15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;

men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.

16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,

va jwenn repo nan asanble yo.

17 Sila ki 21:17 Pwov 23:21renmen plezi, va vin pòv;

sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.

18 Mechan an se yon 21:18 És 43:3ranson pou moun dwat yo;

e sila ki trèt la pou sila ki kanpe janm.

19 21:19 Pwov 21:9 Li pi bon pou rete nan dezè

pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.

20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;

men, moun san konprann nan 21:20 Job 20:15-18 vale tout.

21 Sila ki 21:21 Pwov 15:9swiv ladwati ak fidelite a

jwenn lavi, ladwati ak lonè.

22 Yon 21:22 II Sam 5:6-9nonm saj monte sou miray vil pwisan,

e tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.

23 Sila ki 21:23 Pwov 12:13veye bouch li ak lang li

pwoteje nanm li kont gwo twoub.

24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;

men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.

25 Se 21:25 Pwov 13:4volonte a parese a ki l mouri,

paske men li refize travay;

26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,

pandan moun dwat yo 21:26 Sòm 37:26 ap vèse bay san rete.

27 Sakrifis a mechan yo abominab;

se konbyen anplis, l pote ak movèz fwa.

28 Yon 21:28 Pwov 19:5-9fo temwen va peri;

men sila ki koute verite a va pale ak letènite.

29 Moun mechan an afiche yon figi brav;

men pou 21:29 Sòm 119:5moun ladwati a, chemen li an sèten.

30 21:30 Jr 9:23 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.

31 Cheval la prepare pou jou batay la;

men 21:31 Sòm 3:8viktwa a se nan men SENYÈ a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-