Pular para o conteúdo
Publicidade

1 Samuel 1

10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te yon ve; li te di: "O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li."

12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, 1:13 Jen 24:42-45li t ap priye nan l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: 1:14 Trav 2:4-13"Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou."

15 Men Anne te reponn: "Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason , men mwen 1:15 Sòm 42:4t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen."

17 Alò, Éli te reponn e te di: "Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab 1:17 Sòm 20:3-5ba ou sa ou mande L la."

18 Anne te reponn: 1:18 Jen 33:15"Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou." Konsa, fanm nan te al wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.

Veja também