Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 1

10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te yon ve; li te di: "O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li."

12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, 1:13 Jen 24:42-45li t ap priye nan l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: 1:14 Trav 2:4-13"Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou."

15 Men Anne te reponn: "Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason , men mwen 1:15 Sòm 42:4t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen."

17 Alò, Éli te reponn e te di: "Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab 1:17 Sòm 20:3-5ba ou sa ou mande L la."

18 Anne te reponn: 1:18 Jen 33:15"Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou." Konsa, fanm nan te al wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.

19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan 1:19 I Sam 1:1Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.

20 Li te vin rive nan pwòp li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. 1:20 Egz 2:10-22Li te di: "Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também