Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 2

1 Anne te priye e te di:

"mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

2:1 Det 33:17 Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

2 2:2 Egz 15:11 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

3 "Pa pale anflè ankò,

2:3 Pwov 8:13 pa kite awogans sòti nan bouch ou.

Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

4 2:4 Sòm 37:15 "Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt,

2:4 Eb 11:32-34 men fèb yo vin gen fòs.

5 Sila ki te gen vant plen yo

vin vann tèt yo pou achte pen,

men sila ki te grangou vin satisfè.

Menm sila ki te esteril la sèt pitit,

men 2:5 Jr 15:9Sila ki te anpil pitit la vin sispann.

6 "Se SENYÈ a ki detwi e ki viv.

2:6 És 26:19 SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.

7 2:7 Det 8:17-18 SENYÈ a pòv ak rich.

Li abese e anplis, Li leve.

8 2:8 Job 42:10-12 Li leve malere sòti nan pousyè.

Li leve sila ki nan bezwen an

soti nan pil sann nan,

pou yo chita avèk prens yo,

e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.

Paske pilye yo se pou SENYÈ a yo ye.

Li te plase lemond sou yo.

9 L ap pwoteje pye a sen Li yo;

2:9 Mat 8:12 men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la;

2:9 Sòm 33:16-17 paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.

10 2:10 Egz 15:6 Sila ki lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.

Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.

SENYÈ a ki va jije,

jis rive nan tout ekstremite latè yo.

Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;

Li 2:10 Sòm 89:24 va leve wo kòn onksyon pa Li a."

Veja também