1 Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: 4:1 II Wa 2:3"Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, 4:1 Lev 25:39-41-48mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li."
2 Élisée te di li: "Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?" Epi li te di: "Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke 4:2 I Wa 17:12yon bokal lwil."
3 Alò, li te di: "Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil. 4 Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote."
5 Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen. 6 Lè tout 4:6 Mat 14:20veso yo te plen li te di a fis li yo: "Mennen ban mwen yon lòt veso."
Epi li reponn li: "Nanpwen menm yon veso ankò." Konsa, lwil la te sispann.
7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: "Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a."