Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 30

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 "Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: 30:2 És 30:8 ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. 3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, 30:3 Jr 3:18Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’"

4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: 5 Paske konsa pale SENYÈ a:

"Mwen te tande son a yon 30:5 És 5:30gwo laperèz,

a yon gwo krent;

pa gen lapè.

6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.

Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,

30:6 Jr 4:31 konsi se fanm k ap fè pitit?

Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?

7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.

Li se lè a 30:7 Jr 2:27-28gwo doulè la;

men li va sove de li.

8 "Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:

ke Mwen va 30:8 És 9:4kase jouk li a soti sou kou nou.

Mwen va chire kòd yo,

e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.

9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a

e 30:9 És 55:3-5, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.

10 Pa pè anyen, O , sèvitè Mwen an," deklare SENYÈ a:

"Epi pa pèdi kouraj, O Israël;

paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen

e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.

va retounen,

Li va kalm, alèz,

e 30:10 Mi 4:4nanpwen moun k ap fè l fè pè.

11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;

paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,

sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.

Men m ap fè ou korije fil a mezi;

Mwen p ap kite ou san pinisyon."

12 Paske konsa pale SENYÈ a:

"Blesi ou yo pa kab geri,

e 30:12 II Kwo 36:16kondisyon ou byen grav.

13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou;

pa gen gerizon pou maleng nan, 30:13 Jr 14:19ni ou p ap ka refè.

14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,

yo pa chache ou;

paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,

ak pinisyon a yon moun ki mechan,

akoz inikite ou gran e peche ou anpil.

15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?

Doulè ou a pa gen gerizon.

Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,

Mwen te fè ou sa a.

16 Akoz sa, tout sila ki 30:16 Jr 2:3 devore ou yo va vin devore;

epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.

Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,

e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,

va vin viktim yo menm.

17 Paske M ap fè ou 30:17 Egz 15:26reprann lasante,

e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo," deklare SENYÈ a:

"Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

‘Se ; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’"

18 Konsa pale SENYÈ a:

"Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a yo,

e gen konpasyon pou lakay li yo;

vil la va rebati sou ranblè li yo

e 30:18 I Kwo 29:1-19palè a va kanpe nan pwòp plas li.

19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.

Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;

anplis, Mwen va bay yo 30:19 És 55:5glwa, e yo p ap meprize;

20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan,

e kongregasyon yo va 30:20 És 54:14etabli devan M.

Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.

21 Chèf pa yo va youn nan yo,

e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.

Mwen va 30:21 Nonb 16:5mennen li toupre,

e li va vin toupre Mwen;

paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?" deklare SENYÈ a.

22 "Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou."

23 Gade byen, 30:23 Jr 23:19tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,

yon tanpèt k ap ravaje;

li va eklate sou tèt a mechan yo.

24  30:24 Jr 4:8 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,

jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.

Nan dènye jou yo, ou va konprann sa."

Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Pessoa
Tribo de Judá
Davi
דָוִֽדdavidΔαυιδDauid
Davi, filho de Jessé, era pastor em Belém quando Samuel o ungiu; venceu Golias, reinou sobre Israel em Jerusalém e escreveu muitos dos salmos (1 Samuel 16:13).
Significado: “Amado”
Ver página completa
Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sião
Hoje: Jerusalém, Israel
צִיּוֹןtsiyyonΣιώνSiōn
Sião é a fortaleza que Davi conquistou e que veio a ser a Cidade de Davi; o povo do Senhor vive ali, e foi anunciado que Sião seria arada como um campo (2 Samuel 5:7).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 148 versículosTb.: Jerusalém
Ver página completa
Pessoa
H3290
Jacó
יַעֲקֹ֑בyaaqovΙακωβIakob
Jacó, filho de Isaque, comprou de Esaú o direito de primogenitura, lutou com Deus em Peniel e recebeu o nome Israel; seus doze filhos deram origem às tribos (Gênesis 32:28).
Significado: “Aquele que segura pelo calcanhar (suplantador)”
Ver página completa
Todos os capítulos de Jérémie 52
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.