Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 9

1 O ke tèt mwen te dlo,

e ke zye m yo te yon fontèn dlo,

pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit

pou lanmò a 9:1 Jr 6:26fi a pèp mwen an!

2 O ke m ta gen nan dezè a,

yon plas pou moun k ap vwayaje rete,

pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.

Pou m kite yo nèt!

Paske yo tout se 9:2 Jr 5:7-8adiltè, yon bann moun trèt.

3 "Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.

Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.

Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,

e yo pa rekonèt Mwen", deklare SENYÈ a.

4 "Fòk chak 9:4 Sòm 12:2byen veye kont vwazen li,

pou l pa mete konfyans nan okenn frè;

akoz tout frè yo aji nan koken,

e tout vwazen yo ap voye kout lang.

5 Yo tout 9:5 Mi 6:12pase vwazen parèy yo nan rizib.

Yo refize pale verite.

Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

yo vin fatige nèt nan fè inikite.

6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.

Nan desepsyon yo 9:6 Job 21:14-15refize rekonèt Mwen", deklare SENYÈ a.

7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:

"Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e 9:7 Os 11:8fè yo pase a leprèv;

paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?

8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl;

li pale 9:8 Sòm 28:3manti.

Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,

men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.

9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?" deklare SENYÈ a.

"Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?

10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri

ak dèy pou patiraj dezè a,

gwo plent, akoz yo vin 9:10 Jr 12:4-10brile nèt,

jiskaske pèsòn pa pase ladann.

Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;

ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;

yo ale nèt.

11 "Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,

yon kote abandone pou chen mawon.

Mwen va fè vil Juda yo yon 9:11 És 25:2kote ki kraze nèt,

san pèsòn pou rete ladan."

12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? 9:12 Sòm 107:34Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?

13 SENYÈ a di: "Akoz yo te 9:13 II Kwo 7:19abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te 9:14 Jr 7:24mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a." 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: "Gade byen, Mwen va 9:15 Sòm 80:5fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va 9:16 Lev 26:33gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt."

17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

"Konsidere e rele 9:17 II Kwo 35:25fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.

Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!

18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,

pou 9:18 És 22:4zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka

fè dlo kouri desann.

19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan :

‘A la detwi nou vin detwi nèt!

Nou te vin mete nan gwo wont,

paske nou 9:19 Det 28:29te kite peyi la,

akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’"

20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O 9:20 És 32:9fanm yo.

Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.

Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.

Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.

21 Paske 9:21 II Kwo 36:17lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.

Li te antre nan palè nou yo

pou fèmen timoun yo andedan

ak jenn gason yo nan lari.

22 Pale, "Konsa di SENYÈ a,

"‘Kadav moun yo va tonbe tankou 9:22 Sòm 83:10fimye bèt nan chan,

tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.

Pèsòn p ap ranmase yo.’"

23 Konsa pale SENYÈ a:

9:23 Ekl 9:11 "Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

24 Men kite sila ki 9:24 Sòm 20:7vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

ke se Mwen se SENYÈ a,

ki aji nan lanmou dous, jistis,

ak ladwati sou latè a;

paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo," deklare SENYÈ a.

25 Gade byen, gen jou k ap vini, "deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo 9:25 Jr 4:4pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a yo e ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se 9:26 Lev 26ensikonsi nan kè."

Lugar Bíblico
Cidade / Povoado
Sião
Hoje: Jerusalém, Israel
צִיּוֹןtsiyyonΣιώνSiōn
Sião é a fortaleza que Davi conquistou e que veio a ser a Cidade de Davi; o povo do Senhor vive ali, e foi anunciado que Sião seria arada como um campo (2 Samuel 5:7).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 148 versículosTb.: Jerusalém
Ver página completa
Lugar Bíblico
Região / Território
Amom
Hoje: Amã, Jordânia
עַמּוֹןammon
Amom é a terra dos amonitas, descendentes de Ben-Ami, com Rabá por capital. Os amonitas guerrearam contra Israel nos dias de Jefté, e Joabe arrasou a terra deles enquanto Davi estava em Jerusalém (1 Crônicas 20:1).
31,95° N, 35,93° L
Citado em 106 versículos
Ver página completa
Lugar Bíblico
Região / Território
Moabe
Hoje: Altiplano da Jordânia Central
מוֹאָבmoav
Moabe é uma terra governada por reis, como Eglom e Balaque, onde Davi pediu ao rei que acolhesse seus pais; fogo e castigo são anunciados contra ela (Amós 2:2).
31,18° N, 35,70° L
Citado em 162 versículos
Ver página completa
Todos os capítulos de Jérémie 52
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.