Publicidade

Oséias 1

1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.

2 SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: "Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske 1:2 Det 31:16 peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a."

3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te yon fis pou li.

4 Konsa, SENYÈ a te di li: "Bay li non 1:4 Os 2:22Jizreel; paske deja nan yon ti tan 1:4 II Wa 10:11 mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. 5 Nan jou sa a, Mwen va 1:5 Jr 49:35 kraze banza Israël la nan 1:5 Jos 17:16vale Jizreel la."

6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: "Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap 1:6 Os 2:4 konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. 7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va 1:7 Jr 25:5,6delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa 1:7 Sòm 44:3-7 banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye."

8 Alò, li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te yon fis.

9 Epi SENYÈ a te di: "Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou." 10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men 1:10 Wo 9:26; És 65:1 nan plas kote sa te pale a yo menm nan, Nou pa pèp Mwen an, sa va pale a yo menm Yo va rele fis a Bondye vivan an.11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin 1:11 Jr 23:5,6rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo 1:11 Jr 30:21 yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-