Pular para o conteúdo
Publicidade

Oséias 11

1 Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.11:1 Os 2:15

2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

Yo te kontinye 11:2 Os 2:13sakrifis bay Baal yo,

e 11:2 És 65:7 brile lansan bay zidòl yo.

3 Malgre sa, se te Mwen

ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

Nan bra M, Mwen te pran yo;

men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

ak lyann lanmou.

Konsa, 11:4 Lev 26:13; Egz 16:32Mwen te vini pou yo

kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

Mwen te bese mete manje devan yo.

5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte,

men Wa Assyrie a va vin wa yo,

akoz yo te 11:5 Os 7:16 refize retounen kote Mwen.

6 Nepe va tonbe kont vil yo,

pou kraze pòtay ak fòje yo,

e li va 11:6 Lam 2:9tout plan yo disparèt.

7 Pèp Mwen an desizyon nèt pou 11:7 Jr 3:6,7 vire kite Mwen.

Malgre yo rele yo Sila ki Pi Wo a,

anverite, yo p ap egzalte.

8 11:8 Os 6:4 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?

Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?

Kòman Mwen ta kapab ou tankou Adma?

Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou 11:8 Jen 14:8Tseboïm?

M vire nèt anndan M;

konpasyon Mwen vin anflame.

9 Mwen 11:9 Det 13:17 p ap egzekite chalè kòlè Mwen;

Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.

Paske 11:9 Nonb 23:19se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;

Sila Ki Sen nan mitan nou an

e Mwen p ap antre nan kòlè.

10 Yo va 11:10 Os 3:5mache dèyè SENYÈ a,

Li va gwonde kon yon lyon;

Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,

ap 11:10 És 66:2,5 tranble soti nan lwès.

11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,

e kon toutrèl soti nan peyi 11:11 És 11:11; Éz 28:25,26Assyrie;

epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.

12 Éphraïm antoure Mwen ak 11:12 Os 4:2manti,

e lakay Israël ak desepsyon.

Men anplis, Juda toujou egare,

kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

Veja também