1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?3 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.4 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.7 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.
Publicidade
Salmos 11
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos