1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.5 Wi, lavalas ta pote nou ale.6 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Publicidade
Salmos 124
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos