Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 53

Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath

Yon refleksyon pa David

1 Moun fou a di nan li: "Nanpwen Bondye".

Yo konwonpi!

Yo zak enjis ki abominab.

53:1 Wo 3:10 Nanpwen ki sa ki bon.

2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,

pou si genyen 53:2 Wo 3:11youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.

3 53:3 Wo 3:12 Yo tout te vire akote.

Ansanm yo vin konwonpi.

Nanpwen nan yo ki byen, pa menm youn.

4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,

ka p 53:4 Jr 4:22manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,

epi ki pa rele Bondye?

5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,

paske Bondye te gaye zo a sila ki kan kont ou yo.

Ou te yo vin wont, akoz 53:5 II Wa 17:20Bondye te rejte yo.

6 O ke 53:6 Sòm 14:7delivrans Israël ta parèt sòti Sion!

Bondye restore pèp kaptif Li a,

kite Jacob rejwi, kite Israël kontan.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também