1 Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.2 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?3 Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.4 Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.5 Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Publicidade
Salmos 43
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos