1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men 115:1 Sòm 29:2pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2 Poukisa nasyon yo ta di:
115:2 Sòm 42:3-10 "Kote Bondye yo a ye koulye a?"
3 Men 115:3 Sòm 103:19Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
4 Zidòl yo se ajan ak lò, 115:4 Det 4:28 zèv men a lòm.
5 Yo gen bouch, men yo 115:5 Jr 10:5pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8 115:8 Sòm 135:18 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki 115:9 Sòm 33:20sekou ak boukliye yo.
10 O lakay 115:10 Sòm 118:3Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11 Nou menm ki 115:11 Sòm 22:23gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 SENYÈ a 115:12 Sòm 98:3te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
115:13 Rev 11:18 piti kon gran.
14 Ke SENYÈ a kab 115:14 Det 1:11fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
115:15 Jen 1:1 Kreyatè syèl la ak tè a.
16 Syèl yo se 115:16 Sòm 89:11Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17 115:17 Sòm 6:5 Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18 Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ la!