1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.3 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.4 Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.5 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.6 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.7 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.8 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!
Publicidade
Salmos 129
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos