1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.
Publicidade
Salmos 121
Publicidade
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos