1 (64:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (64:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.2 (64:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.3 (64:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.4 (64:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.5 (64:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?6 (64:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.7 (64:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.8 (64:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.9 (64:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.10 (64:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.
Publicidade
Salmos 64
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos