1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.5 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
Publicidade
Salmos 130
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos