1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

6 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!