1 (3:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (3:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!2 (3:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!3 (3:4) Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.4 (3:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.5 (3:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.6 (3:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.7 (3:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.8 (3:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Publicidade
Salmos 3
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos