1 (30:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (30:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.2 (30:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.3 (30:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.4 (30:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.5 (30:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.6 (30:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.7 (30:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.8 (30:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.9 (30:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?10 (30:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!11 (30:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.12 (30:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Publicidade
Salmos 30
Veja também
Publicidade
Salmos
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150
Ver todos os capítulos de Salmos