Publicidade

Salmos 34

1 (34:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (34:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.2 (34:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.3 (34:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!4 (34:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.5 (34:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.6 (34:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.7 (34:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.8 (34:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!9 (34:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.10 (34:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.11 (34:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.12 (34:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?13 (34:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.14 (34:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.15 (34:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.16 (34:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.17 (34:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.18 (34:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.19 (34:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.20 (34:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.21 (34:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.22 (34:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.

Veja também

Publicidade