Pular para o conteúdo
Publicidade

1 Samuel 2

12 Alò, fis a Éli yo te 2:12 Jr 2:8vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a, 13 2:13 Lev 7:29-34ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l. 14 Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo. 15 Anplis, avan 2:15 Lev 3:3-16 yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap sakrifis la: "Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit."

16 Si mesye a ta di li: "Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito," Alò, li ta di: "Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs." 17 Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a.

Veja também