Publicidade

Jeremias 33

1 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di: 2 "Konsa pale SENYÈ a ki te a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li aSENYÈ a se non Li. 3 Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.4 Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou yon ranpa kont balkon syèj yo e kont nepe a, 5 pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, 6 gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans. 7 Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. 8 Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te transgresyon kont Mwen yo. 9 Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M pou li."

10 Konsa pale SENYÈ a: "Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,11 vwa lajwa a ak vwa kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an," pale SENYÈ a.

12 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13 Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a," pale SENYÈ a.

14 "Gade byen, jou yo ap vini", deklare SENYÈ a: "Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.

15 "Nan jou sa yo e nan sa a,

Mwen va yon Branch ladwati a David pete vin parèt.

Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.

16 Nan jou sa yo, Juda va vin sove

e Jérusalem va ansekirite.

Men non pa sila li va rele a:

SENYÈ a se ladwati nou."

17 "Paske, se konsa SENYÈ a pale: David p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18 Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete."

19 Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20 "Konsa pale SENYÈ a: Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan deziye yo, 21 alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo."

23 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24 "Pa okipe bagay pèp sa a te pale, yo di: De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25 Konsa pale SENYÈ a: Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-28_14-13-17-