Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 11

1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:

2 "Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?

Eske yon nonm 11:2 Job 8:2pale anpil vin akite?

3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?

Lè ou 11:3 Job 17:2moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?

4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,

e 11:4 Job 10:7mwen inosan nan zye Ou.’

5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,

6 pou montre ou sekrè a sajès!

Paske sajès ki bon 11:6 Job 9:4gen de bò.

Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije

tout sa inikite ou merite.

7  11:7 Job 33:12-13 "Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?

Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?

8 Yo 11:8 Job 22:12wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?

Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?

9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.

10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,

11:10 Job 9:12 kilès kap anpeche Li?

11 Paske 11:11 Job 34:21-23Li konnen moun ki fò,

e Li wè inikite menm san fè ankèt.

12 Yon moun ensanse va vin entèlijan

lè pòtre a yon 11:12 Job 39:5bourik mawon fèt kon yon moun.

13 "Si ou ta vle vin bon,

11:13 I Sam 7:3 dirije kè ou e 11:13 Sòm 88:9lonje men ou vè Li.

14 Si se inikite ki nan men ou, 11:14 Job 22:23mete l byen lwen.

Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.

15 Konsa, anverite, ou ta kab 11:15 Job 22:26leve figi ou wo san tach.

Wi, ou va fidèl nèt e 11:15 Sòm 27:3 pa oblije gen lakrent.

16 Konsa ou va 11:16 És 65:16bliye twoub ou a.

Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.

Se konsa ou ta kab sonje li.

17 Lavi ou va 11:17 Job 22:26pi klè ke midi;

malgre gen fènwa a, lap tankou maten.

18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.

Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.

19 Ou va 11:19 So 3:13kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.

Wi, anpil moun va 11:19 És 45:14 mande favè ou.

20 Men 11:20 Det 28:65zye a mechan yo va gate,

e 11:20 Job 27:22 p ap gen chape pou yo.

Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo."

Todos os capítulos de Job 42
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.