Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 15

1 Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:

2 Èske yon nonm saj ta dwe bay repons

ak konesans ki sòti nan van,

15:2 Job 6:26 e ki plen tèt li avèk van lès?

3 Èske li ta diskite ak pale initil,

oswa ak pawòl ki pa gen valè?

4 Anverite, ou manke respè Bondye

e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.

5 Paske se 15:5 Job 22:5koupabilite ou ki enstwi bouch ou,

e ou chwazi langaj a rizye yo.

6 15:6 Job 18:7 Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;

epi pwòp lèv ou temwayaj kont ou.

7 "Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou a,

oswa 15:7 Job 38:4-21èske ou te fèt avan tout kolin yo?

8 Èske ou konn tande 15:8 Wo 11:34konsèy sekrè a Bondye yo,

oswa èske tout sajès se pou ou sèl?

9 15:9 Job 12:3 Kisa ou konnen ke nou pa konnen?

Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?

10 Genyen ni granmoun ak moun 15:10 Job 12:12cheve blanch pami nou,

ki pi gran pase papa ou.

11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,

menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?

12 Poukisa a15:12 Job 11:13ou pote ou rive lwen konsa?

Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?

13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e

kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?

14 Kisa lòm nan ye pou 15:14 Ekl 7:20li ta kab san tach,

oswa 15:14 Job 25:4 sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?

15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan 15:15 Job 5:1sen Li yo

e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;

16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;

lòm ki 15:16 Job 34:7bwè inikite kon dlo a!

17 "M ap di ou, koute m byen;

sa mwen konn , anplis m ap deklare li;

18 15:18 Job 8:8 sa ke moun saj konn pale

e ki pa t kache sòti de papa pa yo,

19 A sila yo menm sèl ke a te donnen,

e pa t gen etranje ki te pase pami yo.

20 Moun mechan an vire tounen 15:20 Job 15:24nan pwòp doulè li tout tan,

e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.

21 Bri laperèz sone nan zòrèy li.

15:21 Job 20:21 Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.

22 Li pa gen espwa 15:22 Job 15:30sòti nan tenèb la.

Desten li se 15:22 Job 19:29 nepe.

23 Li mache egare pou chache manje epi di:

Kote li ye?

Konsa, li konnen ke 15:23 Job 15:22-30jou tenèb la gen tan rive.

24 Twoub ak gwo soufrans l gen gwo laperèz.

Yo l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.

25 Paske li fin lonje men l kont Bondye

e aji ak 15:25 Job 36:9awogans kont Toupwisan an.

26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan

avèk gwo boukliye li.

27 Paske li fin 15:27 Sòm 73:7kouvri figi li ak grès li,

e kwis li vin lou ak chè.

28 Li te 15:28 Job 3:14viv nan vil dezole yo,

nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,

ki fèt pou vin dekonble nèt.

29 Li 15:29 Job 27:16-17p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;

tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.

30 Li p ap 15:30 Job 5:14chape nan tenèb la.

Flanm nan va seche tout boujon li yo.

Kon 15:30 Job 4:9souf bouch li, lap wale nèt.

31 Pa kite li 15:31 Job 35:13mete konfyans nan gwo vid la.

Sa a ta yon desepsyon;

paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.

32 Sa va vin rive 15:32 Job 22:16avan li.

Branch palmis li p ap vèt.

33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,

e va 15:33 Job 14:2jete flè li kon pye oliv la.

34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,

epi se dife kap brile tant anba pwès yo.

35 Yo 15:35 Sòm 7:14 plante mal la, e yo rekòlte inikite;

epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também