1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:
2 "Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
3 Poukisa nou 18:3 Sòm 73:22gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
5 "Anverite, 18:5 Job 21:17limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
6 Limyè nan tant li an vin 18:6 Job 12:25fènwa,
e lanp li etenn sou li.
7 Gran pa dyanm li yo vin kout,
e 18:7 Job 15:6pwòp manèv li a vin desann li.
8 Paske li 18:8 És 24:17-18tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
9 Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11 Patou 18:11 Job 15:21laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12 Fòs li vin 18:12 És 8:21epwize e gwo dega parèt akote li.
13 Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a 18:13 Za 14:12devore manm kò li yo.
14 Li 18:14 Job 8:22fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
18:15 Sòm 11:6 souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16 18:16 Mat 4:1 Rasin li vin sèch anba li,
e 18:16 Job 15:30-32 branch li fin koupe pa anwo.
17 18:17 Sòm 34:16 Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive 18:18 Job 5:14nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19 Li pa gen ni 18:19 Job 27:14-15desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de 18:20 Jr 50:27desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21 Anverite, se konsa 18:21 Job 21:28abitasyon a mechan yo ye a.
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a."