Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 3

1 l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2 Job te di:

3 3:3 Jr 20:14-18 "Kite jou ke m te dwe fèt la peri,

ak nwit ki te anonse se yon gason ki fèt la.

4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.

Pa kite Bondye anwo a pran swen li,

ni limyè vin klere sou li.

5 Kite 3:5 Jr 13:16fènwa avèk gwo tenèb reklame li.

Kite fènwa jou sa a modi li.

6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.

Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.

Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.

7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.

Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.

8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,

sila ki prè pou Levyatan 3:8 Job 41:1-25leve l.

9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.

Kite li espere limyè, men pa twouve l.

E kite li pa maten vin parèt,

10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,

ni kache twoub devan zye m.

11 3:11 Job 10:18-19 "Poukisa mwen pa t mouri m te fèt?

Sòti nan vant li e mouri la menm?

12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?

13 Paske koulye a mwen 3:13 Job 3:13-19t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;

mwen t ap dòmi depi sa a e mwen t ap twouve repo,

14 ansanm ak 3:14 Job 12:18wa ak konseye latè

ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;

15 oswa avèk prens 3:15 Job 27:16-17ki te gen yo,

ki t ap plen lakay yo ak ajan;

16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,

kon yon pitit ki pa t janm limyè.

17 La, mechan yo sispann laraj,

e la moun fatige yo jwenn 3:17 Job 17:6repo.

18 Prizonye yo alèz ansanm.

Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.

19 Ni piti, ni gran yo la.

E esklav la lib de mèt li.

20 "Poukisa 3:20 Jr 20:18limyè bay a sila ki soufri a,

e lavi a nanm anmè a,

21 ki 3:21 Rev 9:6anvi lanmò, men nanpwen,

e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,

22 ki rejwi anpil e lwanj yo rive nan tonbo a?

23 Poukisa limyè bay a yon nonm 3:23 Job 19:6-12ak chemen an kache a,

ke Bondye te jennen tout kote a?

24 Paske 3:24 Job 6:7soupi mwen yo parèt menm moman

manje a rive devan ze m.

Epi kri mwen yo vide tankou dlo.

25 Paske 3:25 Job 9:28sa m krent lan te vini sou mwen.

Sa ke m pa vle a te tonbe sou mwen.

26 3:26 Job 7:13-14 Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.

Mwen pa jwenn repo,

ni m pa kal,

men se boulvèsman ki vin parèt."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também