Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 4

1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;

2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,

èske ou va pèdi pasyans?

Men se 4:2 Job 32:18-20kilès ki kab refize pale?

3 Gade byen, 4:3 Job 4:3-4ou te enstwi anpil lòt moun;

ou te ranfòse menm fèb yo.

4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,

e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.

5 Men koulye a, se sou ou sa rive,

e ou 4:5 Job 6:4pa gen pasyans.

Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.

6 Èske se pa 4:6 Job 1:1lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,

ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?

7 "Sonje byen 4:7 Job 36:6-7se kilès ki kon peri inosan?

Oswa ki kote ou moun ladwati yo te detwi?

8 Selon sa ke mwen menm te , 4:8 Os 10:13 sila ki raboure inikite yo,

ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.

9 4:9 És 11:4 Pa souf Bondye, yo peri,

e pa van chalè Li, yo fini nèt.

10 4:10 Job 5:15 Gwo vwa a lyon fewòs la,

vwa fewòs a lyon an,

e dan a jenn lyon yo fin kase.

11 4:11 Job 29:17 Pi gran lyon an peri paske li manke manje,

e pitit li yo vin gaye.

12 "Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;

zòrèy mwen te resevwa yon 4:12 Job 26:14ti souf li.

13 Pami 4:13 Job 33:15refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,

dòmi pwofon tonbe sou moun,

14 laperèz te vini sou mwen.

Mwen te tranble e zo m yo te souke.

15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;

plim sou chè mwen, te kanpe sou m.

16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.

Yon fòm te devan zye m.

Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:

17 'Èske 4:17 Job 9:2lòm kapab jis devan Bondye?

Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki l la?

18 Menm nan sèvitè Li yo, 4:18 Job 15:15Li pa mete konfyans;

ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.

19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,

ki gen pousyè kon 4:19 Jen 2:7fondasyon,

ki vin kraze devan papiyon!

20 4:20 Job 14:2 Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;

san yo pa anyen, yo peri nèt.

21 Èske 4:21 Job 8:22kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?

Yo mouri konsa, san sajès.'

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também