Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 40

1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:

2 "Èske li k ap jwenn fot va 40:2 És 45:9kont ak Tou Pwisan an?

Kite li ki repwòche Bondye reponn sa."

3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

4 "Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?

Mwen 40:4 Job 21:5poze men m sou bouch mwen.

5 Yon fwa mwen te pale e 40:5 Job 9:3-15mwen pa p replike l;

menm de fwa, men m pap wale pi lwen."

6 Konsa, 40:6 Job 38:1SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:

7 Alò, mare senti ou kon gason;

Mwen va 40:7 Job 38:3mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.

8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?

Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?

9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,

ak yon vwa ki ka 40:9 Job 37:5gwonde tankou pa L la?

10 40:10 Sòm 93:1 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.

Mete sou ou lonè ak laglwa.

11 Vide parèt nèt tout lakòlè k ap 40:11 És 42:25debòde nan ou.

yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.

12 rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e 40:12 I Sam 2:7yo bese, vin ba.

Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.

13 40:13 És 2:10-12 Kache yo ansanm nan pousyè a.

Mare figi yo nan plas kache a.

14 Epi konsa M ap konfese a ou menm

ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.

15 Gade byen Beyemòt la 40:15 Job 40:19ke M te

menm tankou Mwen te w la;

Li manje zèb tankou bèf.

16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,

e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.

17 Li koube ke li tankou yon sèd;

venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.

18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;

janm li tankou ba .

19 Li se 40:19 Job 41:33premye nan chemen Bondye a;

fòk se Sila ki l la, ki pou pwoche nepe li.

20 Anverite, mòn yo 40:20 Sòm 104:14mennen bay li manje

kote tout bèt sovaj latè yo jwe.

21 Anba zèb dlo, li kouche;

nan kouvèti wozo a ak marekaj la.

22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;

bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.

23 rivyè a vin anraje, li pa twouble;

li gen konfyans malgre 40:23 Jen 13:10Jourdain an rive jis nan bouch li.

24 Èske gen moun ki kab kaptire li l ap veye;

menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também