Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 42

1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

2 "Mwen konnen ke 42:2 Jen 18:14Ou ka tout bagay,

e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.

3 Ou te mande: Kilès sila ki 42:3 Job 38:2kache konsèy san konesans lan?"

"Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;

bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.

4 Ou te di: Koute Mwen, e Mwen va pale;

Mwen va 42:4 Job 38:3mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.

5 " Konsa, Mwen te kon 42:5 Wo 10:17tande de Ou nan zòrèy mwen yo,

men koulye a, zye m Ou.

6 Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen,

e mwen repanti nan pousyè ak sann yo."

7 Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: "Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, 42:7 Job 40:3-5tankou sèvitè Mwen Job te a. 8 Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon 42:8 Job 1:5ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te a."

9 Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.

10 SENYÈ a te 42:10 Sòm 85:1-3restore Job ak tout byen li ak pozisyon li l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis. 11 Konsa, tout 42:11 Job 19:13frè li yo ak li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an .

12 42:12 Job 1:10 SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik. 13 42:13 Job 1:2Li te gen sèt fis ak twa fi. 14 Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc. 15 Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo. 16 Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon. 17 Konsa, 42:17 Jen 15:15Job te mouri, granmoun e plen ak jou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também