Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 6

1 Epi Job te reponn:

2 6:2 Job 31:6 "O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,

ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!

3 Paske li ta pi lou 6:3 Job 23:2pase sab lanmè yo.

Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.

4 Paske 6:4 Job 16:13flèch Toupwisan an fin antre anndan m;

lespri m ap bwè pwazon.

Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.

5 Èske 6:5 Job 39:5-8bourik mawon ranni sou zèb li,

oswa bèf rele sou manje li?

6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl,

oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?

7 Nanm mwen 6:7 Job 3:24p ap touche yo.

Yo tankou manje abominab pou mwen.

8 "O ke sa m mande ta kab rive,

e ke Bondye ta ban m sa m anvi a!

9 Ke Bondye 6:9 Nonb 11:15ta dakò pou kraze m nèt,

ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!

10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;

wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,

pou m 6:10 Job 22:22pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.

11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan?

Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?

12 Èske fòs mwen tankou wòch,

o èske chè m kon bwonz?

13 Èske se pa ke nanpwen 6:13 Job 26:2sekou anndan m,

ke tout sajès fin chase lwen mwen?

14 "Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

menm a li menm ki 6:14 Job 1:5kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

15 Frè m yo te aji ak 6:15 Jr 15:8desepsyon kon yon ravin,

kon flèv ravin ki vin sèch;

16 ki vin sal tankou glas k ap fonn

kote lanèj kon kache.

17 Nan 6:17 Job 24:19sezon sèch, yo pa la;

li cho, yo disparèt sou plas yo.

18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote;

yo monte rive vin anyen;

yo vin disparèt.

19 Karavàn 6:19 És 21:14Théma yo te vin veye;

vwayajè Séba yo te gen espwa yo.

20 Yo 6:20 Jr 14:3te desi paske yo te mete konfyans;

yo te vini la, e te etone.

21 Anverite, koulye a se konsa ou ye;

ou laperèz e ou vin .

22 Èske mwen te di ou: Ban m yon bagay?

Oswa m te yon demann anba tab pou retire nan richès ou?

23 Oswa delivre m nan men advèsè a?

Oswa rachte mwen nan men opresè sila yo?

24 "Enstwi mwen e 6:24 Sòm 39:1mwen va pe la!

Montre mwen kote mwen gen .

25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!

Men kisa diskou ou a pwouve?

26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,

ou konnen se van ki mèt pawòl yo moun dekouraje nèt?

27 Konsa, ou ta menm 6:27 Jl 3:3tire osò pou òfelen yo

e twòk pou zanmi ou.

28 Alò, souple, gade mwen e si se

6:28 Job 27:4 manti m ap nan figi ou.

29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.

Retounen kote m! Jiska prezan, 6:29 Job 13:18ladwati mwen rete ladan an.

30 Èske gen enjistis sou lang mwen?

Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?"

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também