Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 7

1 "Èske lòm pa 7:1 Job 5:7oblije fè kòve sou latè?

Èske jou li yo pa tankou jou a yon 7:1 Job 14:6 ouvriye jounalye?

2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,

tankou jounalye k ap tann kòb li,

3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,

e 7:3 Job 16:7nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.

4 Lè m 7:4 Det 28:67kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’

Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.

5  7:5 Job 2:7 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.

Po m vin di e li koule pij.

6 Jou m yo mache 7:6 Job 9:25pi vit ke mach aparèy tise a.

Yo fini 7:6 Job 13:15sanzespwa.

7 Sonje byen ke lavi m 7:7 Sòm 78:39pa plis ke yon souf;

zye m 7:7 Job 9:25p ap wè sa ki bon ankò.

8  7:8 Job 8:18 Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.

Zye Ou va sou mwen, men 7:8 Job 7:21mwen p ap la ankò.

9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.

Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.

10 Li p ap retounen ankò lakay li,

ni 7:10 Job 8:18plas li p ap rekonèt li ankò.

11 "Akoz sa a, mwen p ap 7:11 Job 10:1met fren nan bouch mwen.

Mwen va pale nan doulè lespri m;

mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.

12 Èske se lanmè mwen ye, oswa 7:12 Éz 32:2-3bèt jeyan lanmè a,

pou Ou te mete gad sou mwen?

13 Si mwen di: 7:13 Job 7:4‘Kabann mwen va ban m repo,

sofa m va soulaje plent mwen,’

14 answit, Ou fè m krent ak rèv,

e teworize m ak vizyon;

15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;

pito lanmò olye doulè mwen yo.

16 Mwen fin epwize nèt;

mwen p ap viv tout tan.

Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.

17  7:17 Sòm 8:4 Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li

e pou Ou bay ka li enpòtans,

18 pou 7:18 Job 14:3Ou fè l pase egzamen chak maten e

fè l pase eprèv chak moman?

19  7:19 Job 9:18 Èske Ou p ap janm sispann gade m,

ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?

20  7:20 Job 35:3-6 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,

7:20 Sòm 36:6 Ou menm, ki gadyen lòm?

Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou

jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?

21 Poukisa konsa 7:21 Job 9:28Ou pa padone transgresyon mwen yo,

e retire inikite mwen yo?

Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;

Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò."

Todos os capítulos de Job 42
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.