1 Te gen yon mesye nan 1:1 Jr 25:20peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal. 2 1:2 Job 42:13Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm. 3 Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te 1:3 Job 29:25pi gran òm nan tout pati lès la.