4 "Kote ou te ye 38:4 Sòm 104:5lè M te poze fondasyon mond lan?
Pale si ou gen bon konprann,
5 Se kilès ki te etabli 38:5 Pwov 8:29mezi li? Konsi ou konnen?
Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
6 Sou kilès 38:6 Job 26:7baz li yo te fonse?
Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
7 lè zetwal maten yo te chante ansanm,
e tout 38:7 Job 1:6fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
8 "Oswa se kilès ki te 38:8 Sòm 104:6-9delimite lanmè a ak pòt yo,
lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
9 lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li
e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
10 epi Mwen te 38:10 Pwov 8:29plase lizyè sou li,
e te kadnase pòt li yo,
11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;
men la vag ògèy ou va rete’?