Publicidade

Jó 9

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:

2 "Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

3 Si yon moun te vle diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-