Pular para o conteúdo
Publicidade

Jó 9

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:

2 "Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon 9:2 Job 4:17nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

3 Si yon moun te vle 9:3 Job 10:2diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

4 Bondye saj nan e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn 9:4 II Kwo 13:2reziste ak Li san donmaj?

5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,

Li boulvèse yo nan fachez Li.

6 Li 9:6 És 2:19souke latè sòti nan plas li,

e 9:6 Sòm 75:3pilye fondasyon li yo tranble.

7 Li kòmande 9:7 És 13:10solèy la pou l pa klere

e ki mete yon so sou zetwal yo.

8 Se Li menm sèl ki 9:8 Sòm 104:2rale lonje syèl yo

e bese vag lanmè yo.

9 Li sèl ki sou syèl la 9:9 Job 38:31-32 gwo Ourse la ak Orion an,

avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

10 Li menm ki 9:10 Job 5:9gwo bagay mèvèy yo,

avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

11 Si Li ta vin pase kote mwen, 9:11 Job 23:8-9mwen pa t ap L.

Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.

12 Gade byen, Li rache retire,

se kilès ki ka anpeche L?

Kilès ki ka di L: Kisa w ap la a?

13 "Bondye p ap detounen kòlè Li.

Anba Li, byen akwoupi, se asistan a 9:13 És 30:7Rahab yo.

14 Kijan 9:14 Job 9:3-32mwen kab reponn Li,

e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?

15 Paske malgre mwen te gen rezon,

mwen pa t kab reponn.

Mwen ta oblije 9:15 Job 8:5mande gras a Jij mwen an.

16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,

mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.

17 Paske Li fin 9:17 Job 16:12-14brize m nèt ak yon tanpèt,

e ogmante blese mwen yo san koz.

18 Li 9:18 Job 7:19pa lèse m pran souf,

men m debòde ak 9:18 Job 13:26sa ki anmè.

19 Men 9:19 Job 9:4pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!

Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye

pwosè vèbal bay Li menm?

20 Malgre mwen dwat, 9:20 Job 9:29bouch mwen ap kondane m;

malgre mwen san , Li va deklare m koupab.

21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;

mwen 9:21 Job 7:16rayi lavi m.

22 "Tout se menm bagay.

Akoz sa mwen di 9:22 Job 10:7-8 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.

23 Si frèt la vin touye sibitman,

l ap 9:23 Job 24:12moke dezolasyon inosan an.

24 Ak lemonn nan 9:24 Job 10:3 ki sede nan men a mechan yo,

Li fin 9:24 Job 12:17kouvri figi a jij latè yo.

Si se pa Li menm, eh byen se kilès?

25 "Alò, 9:25 Job 7:6jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap kous;

Yo kouri ale. Yo pa anyen ki bon.

26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan 9:26 És 18:2wozo,

tankou yon 9:26 Hab 1:8èg ki vole plonje sou viktim li.

27 Malgre mwen di ke m va bliye 9:27 Job 7:11plent mwen,

ke m va kite figi tris la pou kontan,

28 mwen krent tout doulè mwen yo.

Mwen konnen ke 9:28 Job 7:21Ou p ap bliye fot mwen yo.

29 Mwen gen tan fin jije 9:29 Job 10:2koupab.

Konsa, poukisa mwen ta dwe fòs anven?

30 Si m ta 9:30 Jr 2:22lave m nèt ak lanèj,

e pwòpte men m ak savon lesiv ki ,

31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,

e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.

32 Paske 9:32 Ekl 6:10Li pa yon nonm kon mwen, 9:32 Wo 9:20 pou m ta reponn Li,

pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.

33 Nanpwen moun ki pou 9:33 Job 9:19antant antre nou,

ki ta kab mete men l sou nou toulède.

34 Kite Li 9:34 Job 13:21 retire baton Li sou mwen,

e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.

35 Konsa, mwen 9:35 Job 13:22ta pale san laperèz devan L;

men mwen pa kab konsa pou kont mwen."

Veja também