Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 22

1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:

2 "Èske yon 22:2 Job 35:7nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?

Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.

3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,

oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?

4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye

ke L ap repwoche ou?

Ke l ap 22:4 Job 14:3antre nan jijman kont ou?

5 Se pa ke 22:5 Job 11:6mechanste ou gran

e inikite ou yo san limit?

6 Paske ou te 22:6 Job 24:3-9pran garanti a frè ou yo san koz

e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.

7 A moun fatige yo, ou 22:7 Job 31:16-17pa t bay dlo pou bwè

e a grangou yo, ou te 22:7 Job 31:31refize yo pen.

8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,

e se 22:8 És 3:3moun entèg ki viv ladann.

9 Ou te voye vèv yo ale men vid

e te kraze fòs a 22:9 Job 6:27òfelen yo.

10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,

e 22:10 Job 15:21laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,

11 oswa se 22:11 Job 5:14fènwa pou ou pa kab wè

ak anpil dlo ki kouvri ou.

12 "Èske Bondye pa 22:12 Job 11:7-9nan wotè syèl la?

Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!

13 Ou di: 22:13 És 29:15‘Kisa Bondye konnen?

Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?

14  22:14 Job 26:9 Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,

pou L pa kab wè.

Se anwo plafon syèl la l ap mache.’

15 Èske ou va kenbe 22:15 Job 34:36ansyen chemen a,

kote mesye mechan yo te mache,

16 ki te rachte avan lè yo,

ki te lese fondasyon ki lave a

retire nèt pa rivyè a?

17 Yo te 22:17 Job 21:14-15di a Bondye: ‘Kite nou!’,

Epi: ‘Kisa Toupwisan fè pou nou?’

18 Sepandan, Li te 22:18 Job 12:6ranpli lakay yo ak bon bagay;

men 22:18 Job 21:16konsèy a mechan yo lwen m.

19  22:19 Sòm 52:6 Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.

Inosan yo moke yo.

20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.

E 22:20 Job 15:30dife a fin manje retay yo.’

21  22:21 Sòm 34:10 "Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;

se konsa, sa ki bon va rive kote ou.

22 Souple, resevwa 22:22 Job 8:10enstriksyon nan bouch Li

e etabli pawòl Li yo nan kè ou.

23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an,

ou va restore,

si ou 22:23 Job 11:14retire inikite a byen lwen tant ou.

24  22:24 Job 31:24-25 Mete riches ou nan pousyè a,

lò a pami wòch kouran dlo yo.

25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,

e pi bèl ajan pou ou.

26 Paske konsa ou va 22:26 Sòm 37:4rejwi nan Toupwisan an,

e leve figi ou vè Bondye.

27 Ou va priye a Li menm, e 22:27 Job 34:28Li va tande ou.

Ou va peye ve ou yo.

28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;

konsa limyè va briye sou wout ou.

29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,

e moun ki 22:29 Jc 4:5enb lan, Li va sove li.

30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,

e 22:30 Job 42:7-8delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp."

Secos
Cabe
an kab
~1,2 L
Lugar Bíblico
Região / Território
Ofir
Hoje: Sudoeste da Arábia (Iêmen)
אוֹפִירophir
Ofir é o lugar de onde os marinheiros de Hirão e de Salomão trouxeram ouro, madeira de sândalo e pedras preciosas (2 Crônicas 9:10).
18,22° N, 42,50° L
Citado em 10 versículos
Ver página completa
Todos os capítulos de Job 42
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.