Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 11

1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a

e yon 11:1 Rev 5:5 branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.

2 11:2 És 42:1 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,

lespri a sajès ak bon konprann,

lespri a konsèy ak pwisans lan,

lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.

3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.

Li p ap jije selon sa ke zye l 11:3 Jn 2:25,

ni yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;

4 men ak 11:4 És 9:7ladwati, Li va jije malere yo,

e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.

Li va frape a ak baton bouch Li,

e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.

5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li

e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.

6 11:6 És 65:25 Lou a va demere ak jèn mouton an,

leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

epi yon tigason va mennen yo.

7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

8 Pitit k ap tete, va jwe twou koulèv anpwazone a,

e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

tankou dlo kouvri lanmè a.

10 Nan jou sa a, 11:10 Luc 2:32nasyon yo va retounen rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.

11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie 11:11 És 19:21-22 Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. 12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, 11:12 És 56:8rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. 13 11:13 És 9:21Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. 14 Yo va 11:14 Jr 48:40desann sou pant Filisten yo lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. 15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou 11:15 És 7:20rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou moun kapab travèse li pye sèk. 16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël 11:16 Egz 14:26-29 nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também