Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 25

1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; 25:1 Ef 1:11 plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon 25:2 És 13:22 palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. 25:3 És 13:11Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a 25:4 És 29:5-20mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese 25:5 Jr 51:54-56zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.

6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou 25:6 És 2:2-4tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt 25:7 II Kor 3:15-16kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te 25:8 Os 13:14vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.

9 Konsa, li va pale nan jou sa a, "Gade byen, 25:9 És 35:2sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!" 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.

Epi 25:10 És 16:14 va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va 25:11 Job 40:11desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12 L ap desann ranfòsman fò ki 25:12 És 15:1pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.

Lugar Bíblico
Região / Território
Moabe
Hoje: Altiplano da Jordânia Central
מוֹאָבmoav
Moabe é uma terra governada por reis, como Eglom e Balaque, onde Davi pediu ao rei que acolhesse seus pais; fogo e castigo são anunciados contra ela (Amós 2:2).
31,18° N, 35,70° L
Citado em 162 versículos
Ver página completa
Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.