Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 26

1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:

"Nou gen yon vil ki fò;

li monte miray ak ranfò pou 26:1 És 60:18 sekirite.

2 Ouvri 26:2 És 60:11-18pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;

sila ki rete fidèl la.

3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

Ou va kenbe nan 26:3 És 26:12lapè pafè,

akoz li gen konfyans nan Ou.

4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

paske nan BONDYE SENYÈ a,

nou gen yon 26:4 És 17:10 Wòch etènèl.

5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,

vil ki pa t kapab venk lan.

26:5 Job 40:11-13 Li te desann li ba.

Li te desann li jis atè.

Li te jete li nan pousyè.

6  26:6 Job 40:11-13 Pye va foule l, pye a malere a,

pla pye a sila ki san sekou yo."

7  26:7 És 57:2 Chemen moun jis se ladwati.

O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.

8 Anverite, selon jijman Ou yo,

O SENYÈ, nou t ap tann Ou.

Non Ou, menm 26:8 Egz 3:15memwa Ou, se dezi a nanm nou.

9  26:9 Sòm 63:5-6 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.

Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;

paske lè jijman Ou yo rive sou latè,

sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.

10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati.

Li 26:10 Os 11:7aji ak enjistis nan peyi ladwati.

Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.

11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men 26:11 És 44:9-18yo pa wè li;

men yo va wè zèl Ou pou pèp la

e y ap vin wont.

Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.

12 SENYÈ, Ou va etabli 26:12 És 26:3lapè pou nou,

akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.

13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou;

men se non Ou sèl, ke nap konfese.

14  26:14 Det 4:28 Sila ki mouri yo p ap viv.

Lespri ki pati yo p ap leve ankò.

Konsa, Ou te pini yo, detwi yo

e Ou te efase tout memwa a yo menm.

15  26:15 És 9:3 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,

Ou te agrandi nasyon an!

Ou leve wo!

Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.

16 O SENYÈ, nan mitan 26:16 És 37:3gwo twoub yo, yo te chache Ou.

Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.

17  26:17 És 13:8 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;

li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;

se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.

18 Nou te ansent, nou te vire kò,

men nou pa t bay nesans a plis ke van.

Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,

ni 26:18 Sòm 17:14 pitit mond yo pa t tonbe.

19 Moun 26:19 És 25:8mouri Ou yo va viv;

kadav pa yo va leve.

Nou menm ki kouche nan pousyè a,

leve e fè kri lajwa,

paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,

e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.

20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou

e fèmen pòt nou dèyè nou.

Kache pou yon ti tan jiskaske 26:20 És 10:5-25gwo kòlè a fin pase.

21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,

pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.

Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,

e li p ap kache mò li yo ankò.

Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.