Pular para o conteúdo
Publicidade

Isaías 40

1 40:1 És 12:1 "Konsole, O konsole pèp Mwen an,"

pale Bondye ou an.

2 "Pale ak dousè ak Jérusalem.

Rele a li menm, ke 40:2 És 41:11-13konfli li fini an,

ke inikite li retire a,

ke li te resevwa nan men SENYÈ a

doub pou tout peche li yo."

3 Yon vwa k ap rele ,

"Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!

vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.

4 Kite tout vale yo vin leve wo,

e tout mòn ak kolin yo vin ba.

Kite move teren an vin pla,

e teren difisil yo vin yon vale ki swa.

5 40:5 És 6:3 Glwa a SENYÈ a va vin parèt,

e tout chè va sa ansanm;

paske bouch a SENYÈ a fin pale."

6 Yon vwa pale: "Rele ."

Yon lòt reponn: "Kisa pou m rele?"

40:6 Job 14:2 "Tout chè se zèb,

e tout bèlte li se tankou flè nan chan.

7 40:7 Sòm 90:5-6 Zèb la fennen,

flè a pèdi koulè l,

depi souf SENYÈ a soufle sou li.

Anverite, pèp la se zèb.

8 Zèb la fennen,

flè a pèdi koulè l,

men 40:8 És 55:11pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan."

9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo,

O Sion, ki pote bòn nouvèl.

Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,

O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!

Leve wo! Pa anyen!

Di a 40:9 És 44:26vil Juda yo: Men Bondye nou an!

10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini 40:10 És 9:6-7ak pwisans.

Se bra L k ap kòmande pou Li.

Gade byen salè Li avè L,

e rekonpans li devan L.

11 Tankou yon bèje, Li va 40:11 Jr 31:10pran swen bann mouton Li.

Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,

e pote yo sou lestonmak Li.

Ak dousè, Li va mennen manma a

ak ti mouton piti yo.

12 Se kilès ki te 40:12 Job 38:8-11mezire dlo nan pla men L?

Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;

ki te kalkil pousyè latè pa mezi,

ki te peze mòn yo nan gwo balans,

e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?

13 Se 40:13 Wo 11:34kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,

oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?

14 Ak kilès Li te konsilte,

e se kilès ki te 40:14 Job 21:22bay Li bon konprann?

Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,

ki te enstwi Li nan konesans,

e ki te L konnen chemen an pou L byen konprann?

15 Gade byen, 40:15 Jr 10:10nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;

yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.

Gade byen, li leve monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.

16 Menm Liban pa kont pou brile, ni 40:16 Sòm 50:9-11bèt li yo

pa kont pou ofrann brile.

17 40:17 És 29:7 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,

Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.

18 40:18 Egz 8:10 A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?

Oswa avèk ki imaj nou ta L sanble?

19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,

ak òfèv ki 40:19 És 2:20kouvri l ak

e chenn li an ajan,

20 Sila ki twò pòv pou ofrann sa a,

pran yon pyebwa ki pa konn pouri;

li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare

yon zidòl ki 40:20 I Sam 5:3-4p ap deplase.

21 40:21 Sòm 19:1 Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?

Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?

Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?

22 Se Li menm ki chita anwo 40:22 Job 22:14wonn a

ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;

ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido

e yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.

23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,

ki 40:23 És 5:21jij latè yo vin san sans.

24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,

apèn stòk yo fin pran rasin nan a,

Li sèlman soufle sou yo,

e yo fennen pou40:24 És 17:13tanpèt la pote yo ale tankou pay.

25 "Alò, 40:25 És 40:18ak kilès ou va konpare Mwen,

pou M ta kapab vin egal avè l?"

pale Sila Ki Sen an.

26 40:26 És 51:6 Leve zye nou anlè,

e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;

Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.

Li rele yo tout pa non yo.

Akoz grandè a pwisans Li

ak fòs pouvwa Li,

nanpwen youn nan yo ki manke.

27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:

"Chemen Mwen an kache de SENYÈ a

e 40:27 Job 27:2jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M"?

28 Èske nou pa konnen?

Èske nou pa tande?

Ke 40:28 Jen 21:33Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

Kreyatè a dènye pwent latè a,

pa konn fatige, ni bouke.

Konprann pa Li depase tout bon konprann.

29 Li bay fòs a sila ki 40:29 És 50:4fatige yo,

e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

30 Malgre moun 40:30 Jr 6:11jenn yo febli e vin bouke,

e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;

31 sila ki tann SENYÈ yo va 40:31 Job 17:9renouvle ak kouraj nèf;

yo va monte anwo ak zèl kon èg.

Yo va kouri, e yo p ap bouke;

yo va mache, e yo p ap fatige.

Veja também