1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, 43:1 És 43:15Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
"Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2 Lè w ap 43:2 Sòm 66:12pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen en Israël la, 43:3 És 19:20Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.